Pwosedi pou Pote Plent


Entwodiksyon

Chapit sa a dekri pwosedi MassDOT sèvi yo, pou trete ak pran desizyon sou plent moun pote pou diskriminasyon dapre Tit 6 [Title VI] la. Pwosedi sa yo fèt yon jan pou fè pleyan ak defandè yo jwenn yon solisyon dapre yon metòd ekitab. Metòd ki dekri la yo te korije an 2017, kòm yon pati nan travay kolaborasyon ant inite ODCR pou Tit 6 la ak ekip ki responsab pou mennen ankèt yo. Nan yon lespri inifòmite ak transparans, anplwaye ODCR yo te travay pou rive fè chapit nan pwosedi pou plent nan tout pwogram kont diskriminasyon nan gouvènman federal ansanm ak nan Eta yo (tankou Tit 6 ak Tit 7) kenbe menm lespri a, epi pou yo prezante nan yon jan ki pèmèt moun nan piblik la konprann yo fasil.

 

Objektif ak Posiblite pou Aplikasyon

Objektif chapit sa a, se pou tabli pwosedi pou trete ak pran desizyon sou toude kalite plent pou diskriminasyon sa yo: plent dirèk yo pote devan MassDOT, ak plent MassDOT resevwa delegasyon otorite pou li trete dapre Tit 6 nan Lwa sou Dwa Sivik 1964 la [Civil Rights Act of 1964 (Title VI)], ansanm ak otorite li resevwa dapre règleman Eta ak gouvènman federal la, tankou Lwa pou Moun Andikape nan Etazini yo [Americans with Disabilities Act (ADA)].

Pwosedi sa yo dekri pwosesis administratif ki fèt pou idantifye ak eliminen diskriminasyon nan pwogram ak nan aktivite gouvènman federal la finanse. Pwosedi sa yo pa louvri chimen pou pèmèt moun ki pote plent yo jwenn konpansasyon pèsonnèl, tankou sanksyon poutèt abi yo fè yo, ni konpansasyon lajan; yo pa anpeche moun ki pote plent yo ale pote plent bay lòt ajans nan Eta a, oswa lòt ajans gouvènman; yo pa anpeche moun ki pote plent yo non plis, pou yo pran yon avoka prive, pou ede yo regle ka diskriminasyon yo vle rapòte.

Pwosedi ki dekri nan dokiman sa a aplikab pou MassDOT ak filyal li yo, kontraktè li yo, ak soutretan li yo nan jan y ap mennen pwogram ak aktivite gouvènman federal la finanse.

Nan travay y ap fè dapre Tit 6 la, soutretan ki resevwa asistans federal nan men MassDOT yo dwe sèvi avèk pwosedi sa yo, pou trete plent moun pote. Lè yo fè sa, soutretan yo rekonnèt obligasyon yo genyen pou bay moun nan piblik la yon chans pou yo pote plent kont sa yo kwè ki vyolasyon prensip kont diskriminasyon yo nan tout pwogram, sèvis, ak aktivite ògànizasyon yo ap fè. Dapre direktiv gouvènman federal la, soutretan k ap administre finansman ki anrapò avèk transpò yo byen konprann yo gen otorite pou yo trete plent moun pote dapre Tit 6 la, epi pou yo fè MassDOT, ki reprezante yo, konnen plent yo resevwa, ansanm ak rezilta pandan ankèt ap mennen sou ka sa yo. Soutretan k ap administre finansman ki anrapò avèk transpò sou granwout yo byen konprann yo pa gen otorite pou mennen ankèt sou reklamasyon ki fèt kont pwòp ògànizasyon yo dapre Tit 6 (sa ki vle di, lè se pwòp ògànizasyon yo ki defandè oswa ki akize dèske li te patisipe nan vyolasyon kont Tit 6 la). Tout reklamasyon konsa yo dwe transfere bay MassDOT, pou li deside ki kote ki pral gen otorite pou mennen ankèt la. Soutretan k ap administre finansman ki anrapò avèk transpò sou granwout yo toujou gen dwa pou yo konsidere deklarasyon vyolasyon dapre Tit 6 yo tankou yon kesyon kontwòl ak/oswa obsèvasyon règleman entèn, men yo pa gen dwa pran okenn desizyon sou ka ki kapab se vyolasyon dapre Tit 6 la. MassDOT ankouraje tout soutretan yo kominike avèk Espesyalis ODCR pou Tit 6 la, avèk Direktè Pwogram Federal yo, ak/oswa avèk Direktè Envestigasyon an si yo resevwa yon plent dapre Tit 6 la, pou yo kapab sèten ka a trete yon jan ki kòrèk.

 

Definisyon:

Pleyan [Complainant] – Se yon moun ki pote yon plent bay MassDOT.

Plent [Complaint] – Se yon deklarasyon ekri oubyen elektwonnik sou sa yo rapòte kòm yon ka diskriminasyon, ki genyen yon demann pou biwo ki resevwa plent lan pran yon aksyon. Lè moun ki pote plent lan se yon moun andikape, sa yo rele plent lan kapab fèt tou nan yon fòma altènatif ki koresponn avèk andikap pleyan an genyen an.

Diskriminasyon [Discrimination] – Se aksyon oubyen inaksyon, kit li fèt avèk oubyen san entansyon, kote yon moun ki nan Etazini sibi yon tretman ki pa menm ak lòt moun, oswa resevwa yon lòt kalite sèvis nan nenpòt pwogram oswa nenpòt aktivite ki resevwa asistans federal, sèlman poutèt ras moun lan, koulè li, peyi li soti, oswa poutèt lòt rezon ki kouvri dapre lòt règleman kont diskriminasyon, tankou si moun lan se gason oubyen fi, laj li, oubyen andikap li genyen. 

Administrasyon pou Operasyon [Operating Administrations] – Se ajans nan Depatman Transpò Etazini [U.S. Department of Transportation], tankou Administrasyon Federal pou Granwout [Federal Highway Administration (FHWA)], ak Administrasyon Federal pou Transpò [Federal Transit Administration (FTA)], ak Administrasyon Federal pou Wout Tren [Federal Rail Administration (FRA)], ak Administrasyon Nasyonnal pou Sekirite nan Sikilasyon sou Granwout [National Highway Traffic Safety Administration (NHTSA)], ki finanse pwogram oswa aktivite pou transpò.

Defandè [Respondent] – Se moun, oswa ajans, oswa enstitisyon, oswa ògànizasyon yo di ki fè dikriminasyon an.

 

Pou Depoze yon Plent

Seksyon sa a esplike an detay pwosedi Depatman Transpò Massachusetts la [Massachusetts Department of Transportation (MassDOT)] sèvi pou trete plent pou diskriminasyon dapre Tit 6 la (diskriminasyon ki fèt poutèt ras yon moun, peyi li soti, oswa tou lang li pale) ak plent pou diskriminasyon yo di ki fèt dapre lòt dispozisyon federal ankò (tankou laj, si moun lan se gason oubyen fi, oubyen andikap li genyen). Lwa ak règleman federal ki gouvènen Tit 6 nan Lwa sou Dwa Sivik 1964 la [Title VI of the Civil Rights Act of 1964 (Title VI)] mete responsablite pou kowòdinasyon jenneral pou ankèt sou plent pou dwa sivik yo nan men Depatman Lajistis Etazini [United States Department of Justice], ki travay an kolaborasyon avèk ajans federal ki egzekite responsablite sa yo. Nan sektè transpò a, otorite pou mennen ankèt konsa chita nan men Depatman Transpò Etazini [US Department of Transportation (US DOT)] ansanm ak ajans li yo pou diferan mòd transpò, tankou Administrasyon Federal pou Granwout [Federal Highway Administration (FHWA)], ak Administrasyon Federal pou Transpò [Federal Transit Administration (FTA)]. An konfòmite avèk sa USDOT mande yo, FHWA ak FTA tabli règleman ak direktiv ki egzije bennefisyè ak soutretan pou asistans federal yo, pou yo defini pwosedi pou trete plent moun pote devan yo dapre Tit 6.

Pwosedi pi ba la yo, ki ekri dapre pwosedi pou plent ki rekòmande epi ki adopte nan Depatman Lajistis Etazini [US Department of Justice (US DOJ)], fèt yon jan pou pèmèt moun jwenn yon chans nòmal pou fè konnen plent yo, ki aplike yon metòd ekitab ni pou pleyan an, ni pou defandè a. Anplis pwosedi fòmèl pou rezoud plent ki dekri la a, MassDOT pran aksyon afimatif pou jwenn solisyon enfòmèl pou tout plent ki pote dapre Tit 6, lè sa posib. 

 

Pwosesis pou Pote Plent lan

NENPÒT moun nan piblik la, ansanm ak tout kliyan, demandè enskripsyon, kontraktè, oswa bennefisyè segondè MassDOT ki kwè yomenm, oswa yon moun yo konnen, oswa yon klas moun te resevwa move sèvis oswa yon tretman ki pa ekitab poutèt ras yo, koulè yo, oswa peyi kote yo soti (sa ki vle di tou, moun ki pa pale angle byen) an vyolasyon Tit 6 nan Lwa sou Dwa Sivik 1964 la [Title VI of the Civil Rights Act of 1964], anrapò avèk lwa ak direktiv nan Eta a, oswa avèk régleman MassDOT pou Prevansyon kont Pèsekisyon poutèt Diskriminasyon [Discrimination Harassment Prevention (ADHP)]. Tit 6 ak Règleman ADHP yo defann tou pou fè vanjans kont yon moun nan piblik la poutèt ras, koulè, oswa peyi kote moun lan soti.

 

2.         Kouman pou mwen depoze yon plent?

Ou ka depoze yon plent devan youn nan kote sa yo:

 

Boston Region Metropolitan Planning Organization Title VI Specialist

10 Park Plaza, Suite 2150 Boston, MA 02116

Email: eharvey@ctps.org

Phone: 857-702-3700

 

The MassDOT Title VI Specialist (Espesyalis pou Tit 6 nan MassDOT)

MassDOT Office of Diversity and Civil Rights (Biwo MassDOT pou Divèsite ak Dwa Sivik)

10 Park Plaza, Suite 3800 Boston, MA 02116

Telefòn: 857- 368-8580, oswa 7-1-1 pou Relay Service (Sèvis Relè).

Adrès elektwonnik: MassDOT.CivilRights@state.ma.us

 

The MassDOT Office of Diversity and Civil Rights - Investigations Unit (Biwo MassDOT pou Divèsite ak Dwa Sivik - Inite pou Ankèt)

Assistant Secretary of Diversity & Civil Rights, MassDOT (Sekretè Adjwen pou Divèsite ak Dwa Sivik, MassDOT)

10 Park Plaza, Suite 3800 Boston, MA 02116

Adrès elektwonnik: odcrcomplaints@dot.state.ma.us

 

The Federal Highway Administration (Administrasyon Federal pou Granwout

Federal Highway Administration (Administrasyon Federal pou Granwout)

U.S. Department of Transportation (Dapatman Transpò Etazini)

Office of Civil Rights (Biwo pou Dwa Sivik)

1200 New Jersey Avenue, SE

8th Floor E81-105

Washington, DC 20590

Adrès elektwonnik: CivilRights.FHWA@dot.gov

Telefòn: 202-366-0693

 

The Federal Transit Administration (Administrasyon Federal pou Transpò) 

Federal Transit Administration (Administrasyon Federal pou Transpò)

U.S. Department of Transportation (Dapatman Transpò Etazini)

Office of Civil Rights (Biwo pou Dwa Sivik)

Attention (Atansyon): Ekip pou Plent

East Building, 5th Floor - TCR

1200 New Jersey Avenue, SE

Washington, DC 20590

 

Remak:

 

3.         Kisa mwen dwe mete nan yon plent?

Ou ka jwenn yon fòmilè  elektwonnik pou Plent kont diskriminasyon dapre Tit 6 nan pòtay Entènèt MassDOT la (https://www.mass.gov/how-to/how-to-file-a-transportation-related-discrimination-complaint) oswa yon fòmilè sou papye nan biwo Espesyalis MassDOT pou Tit 6 ki nonmen pi wo a. Osinon, ou ka remèt yon plent nan yon lèt ki ekri nan yon lòt fòma, ki dwe genyen:

 

 

4.         Konbyen tan mwen genyen pou mwen depoze yon plent?

 

5.         Kouman yo pral trete yon plent mwen pote?

Lè yo resevwa yon plent, yo mete ka a nan men yon Anketè Dwa Sivik [Civil Rights Investigator (CRI)]. CRI a pral 

ODCR gen dwa jiridiksyon si pleyan an:

 

 

 

 

 

6.         Konklizyon ak Rekòmandasyon

Lè ankèt la fini, CRI pral voye bay pleyan an ak bay defandè a youn nan twa lèt sa yo, sou konklizyon li jwenn yo:

 

 

 

7.         Èske mwen ka mande yon apèl kont konklizyon an?

Si yon pleyan oswa yon defandè pa dakò avèk konklizyon CRI la, li ka fè yon apèl devan Sekretè Adjwen pou Divèsite ak Dwa Sivik la [Assistant Secretary of Diversity & Civil Rights]. Moun ki fè apèl la dwe bay tout nouvo enfòmasyon yo pa te kapab jwenn fasil pandan yo t ap mennen premye ankèt la, ki ta kapab lakòz MassDOT retounen gade desizyon yo pran an. Lè gen yon demann apèl k ap fèt, yo dwe prezante demann lan, ansanm ak nouvo enfòmasyon yo, anvan swasant (60) jou pase apre dat yo te voye lèt ki gen desizyon an. Lè li fin gade enfòmasyon sa yo, MassDOT ap reponn swa nan yon lèt kote li korije desizyon an, swa nan yon notifikasyon pou fè moun ki fè apèl la konnen desizyon oswa konklizyon an ap rete menm jan.