Rezime Egzekitif

Pwogram Amelyorasyon Transpò

Ane Fiskal Federal 2019–23

entwodiksyon

Plan envestisman kapital nan transpò senk an Òganizasyon Planifikasyon Rejyon Metwopolitèn (MPO: Metropolitan Planning Organization) Rejyon Boston an, Pwogram Amelyorasyon Transpò (TIP: Transportation Improvement Program), se pwogram envestisman akoutèm pou sistèm transpò rejyon an.  TIP ki oryante pa vizyon, bi ak objektif MPO Rejyon Boston an, priyorize envestisman ki prezève sistèm transpò nan yon eta bon reparasyon, bay transpò ki an sekirite pou tout kalite, amelyore vivabilite, epi amelyore mobilite nan tout rejyon an. Envestisman sa yo finanse gwo rekonstriksyon otowout, wout prensipal ak amelyorasyon entèseksyon yo, mentnans ak ekspansyon sistèm sikilasyon piblik la, konstriksyon wout bisiklèt, ak amelyorasyon pou wout pyeton yo.

MPO Rejyon Boston nan dirije pa yon konsèy 22 manm ak reprezantan ajans eta, òganizasyon rejyonal ak minisipalite yo; jiridiksyon li a etann prèske soti nan nò Boston rive Ipsich, sid Marshfield, ak lwès minisipalite sou tout Interstate 495 lan. Chak ane, MPO a jere yon pwosesis pou deside kijan pou depanse fon transpò federal yo pou pwojè kapital yo. Staf Planifikasyon Santral (CTPS: Central Transportation Planning Staff) la, ki se staf MPO a, jere pwosesis devlopman TIP a.

Staf MPO a kowòdone demand evalyasyon pwojè yo, pwopoze pwogramasyon pwojè aktyèl ak nouvo pwojè yo baze sou nivo finansman antisipe, sipòte MPO pou devlope yon bouyon dokiman TIP la, epi fasilite yon revizyon piblik bouyon an anvan MPO apwouve dokiman final la.

Apèsi Tip ane fiskal federal 2019–23

Ane fiskal federal yo (FFY: federal fiscal years) konpoze de envestisman transpò ki pwograme nan Pwogram Otowout ak Pwogram Sikilasyon ak sous finansman ki soti nan Administrasyon Otowout Federal la (FHWA: Federal Highway Administration) ak Administrasyon Sikilasyon Federal la (FTA: Federal Transit Administration) respektivman.

Envestisman sa yo reflete objektif MPO ki sible yon majorite resous transpò nan direksyon pou prezève epi modènize wout ki egziste a ak sistèm sikilasyon yo epi kenbe yo nan yon eta bon reparasyon. TIP sa devwe tou yon pòsyon nan finansman pou agrandi sistèm sikilasyon rapid la ak nouvo wout itilizasyon pataje yo.

Anplis, yon kantite envestisman enfrastrikti nan TIP sa abòde bezwen yo idantifye nan Plan Transpò Long Distans (LRTP: Long-Range Transportation Plan) MPO a, Ki Katografye Pwogresyon an jiska 2040; oubyen yo mete rekòmandasyon ki soti nan etid pase yo anplas epi yo repòte ke yo te finanse atravè Pogram Travay Planifikasyon Inifye (UPWP: Unified Planning Work Program) MPO a (www.bostonmpo.org/upwp).

TIP la sipòte tou twa priyorite estratejik nan Depatman Transpò Massachusetts (MassDOT)):

Envestisman TIP Ane Fiskal Federal 2019–23

Pwogram konplè TIP la disponib nan Chapit 3 dokiman sa e li sou entènèt nan www.ctps.org/tip. Tablo TIP a bay detay sou fason finansman yo alwe bay chak pwojè ki pwograme ak pwogram envestisman kapital yo. Tablo sa yo òganize pa ane fiskal federal, e yo gwoupe dapre pwogram sikilasyon ak pwogram otowout.

Pwogram Sikilasyon

Pwogram Sikilasyon TIP la bay finansman pou pwojè ak pwogram ki abòde bezwen kapital otorite twa sikilasyon nan rejyon an bay priyorite; Otorite Transpò Bè Massachusetts (MBTA:  Massachusetts Bay Transportation Authority), Otorite Tranpò Cape Ann (CATA: Cape Ann Transportation Authority), ak Otorite Sikilasyon Rejyonal MetroWest (MWRTA: MetroWest Regional Transit Authority). Pwogram Sikilasyon an dedye plis pou reyalize epi konsève yon eta an bon reparasyon pou tout atou nan sistèm sikilasyon an. TIP Ane Fiskal Federal 2019–23 lan genyen ladan l $3.2 milya nan envestisman sikilasyon k ap sipòte eta bon reparasyon an, modènize sistèm sikilasyon an epi ogmante aksè pou sikilasyon. Pwojè Ekstansyon Liy Vè a se yon gwo pwojè ki pwograme nan TIP la k ap elaji sèvis sikilasyon an.

Pwogram Otowout

Pwogram Otowout nan TIP la finanse pwojè transpò priyorite MassDOT avanse yo ak vil nan rejyon MPO yo. Pogram lan dedye prensipalman pou prezève epi modènize rezo wout ki egziste a lè l pave otowout yo, ranplase pon, epi rekonstwi wout prensipal yo.

Nan Massachusetts, finansman Èd Federal Pwogram Otowout la distribye pa MassDOT, ki alwe finansman an pou pèman Nòt Antisipasyon Sibvansyon (GAN: Grant Anticipation Notes), divès pwogram nan tout eta a, ak Sib Rejyonal pou MPO eta yo. Nan TIP Ane Fiskal Federal 2019–23 la, pwogram wout, pon ak wout pyeton, sa bay yon total $1.3 milya nan finansman pou rejyon Boston nan. Finansman Sib Rejyonal yo prevwa nan MPO a ka pwograme pou pwojè ki nan diskresyon chak MPO, byenke MassDOT gen diskresyon pou pwopoze pwojè li rekòmande yo pou pwogram tout eta a, tankou sa ki lye ak reparasyon pon ak mentnans otowout ant eta a.

DETAY PWOGRAM SIB REJYONAL YO

Pandan Ane Fiskal Federal 2019–23, MPO Rejyon Boston nan prevwa finanse 38 pwojè ak pwogram ak finansman Sib Rejyonal li a:

Imaj ES-1 an montre kijan finansman Sib Rejyonal pou Ane Fiskal Federal 2019–23 a distribye atravè pwogram envestisman MPO a. Jan tablo a montre l, Pwogram Sib Rejyonal MPO Rejyon Boston an devwe prensipalman pou modènize epi elaji rezo transpò a atravè Gwo envestisman Enfrastrikti ak Ri Konplè.

 

IMAJ ES-1

FINANSMAN SIB REJYONAL TIP ANE FISKAL FEDERAL 2019-23 PA PWOGRAM ENVESTISMAN AN

 


 

Sous Done yo: MPO Rejyon Boston

Envestisman sa yo ap anplas nan 36 vil nan tout rejyon MPO a, ki varye soti nan Sant Prensipal kominote dansite elve, ki konstwi deyò yo an Katye k ap Devlope. Imaj ES-2 a idantifye kalite kominote yo—jan Konsèy Planifikasyon Zòn Metopoliten an (MAPC: Metropolitan Area Planning Council ) defini l la—k ap resevwa envestisman sa yo.

 

IMAJ ES-2

MINISIPALITE MPO KI GENYEN PWOJÈ PWOGRAM TIP POU ANE FISKAL FEDERAL 2019–23 PA KALITE KOMINOTE

 

 

Sous Done yo: MPO Rejyon Boston

 

finansman tip ane fiskal federal 2019–23

Pwogram Sikilasyon

FTA a bay finansman ki pwograme nan Pwogram Sikilasyon TIP la dapre jan li fòmile a. Twa otorite sikilasyon rejyonal nan zòn MPO Rejyon Boston nan ki se benefisyè finansman sa yo se MBTA, CATA, ak MWRTA. MBTA, ak pwogram sikilasyon ak enfrastrikti ki ka elaji li a, se benefisyè dominan finansman sikilasyon federal rejyon an.

Dapre lejislasyon transpò federal la, Lwa sou Reparasyon Sifas Transpò Amerik (FAST: Fixing America’s Surface Transportation), yo bay finansman a kategori sa yo:

Pwogram Otowout

Pogram Otowout TIP la te devlope ak sipozisyon ke finansman federal pou eta a t ap varye ant $661 milyon dola e $726 milyon chak ane pandan senk pwochen lane yo (montan sa yo genyen ladan yo fon ki t ap mete apa kòm pèman pou Pwogram Pon Akselere a, epi ekskli fon kontrepati yo egzije yo).

Pwosesis pou deside kijan pou itilize finansman federal sa nan rejyon Boston swiv plizyè etap. Premyèman, MassDOT rezève finansman an pou pèman sèvis dèt GAN yo pou Pwogram Pon Akselere a; pèman GAN anyèl yo varye ant $66 milyon e $96 milyon chak ane pandan senk lane TIP yo.

Yo fè bidjè ak fon Pwogram Otowout Èd Federal ki rete yo pou sipòte priyorite eta ak priyorite rejyonal yo (ki se, MPO). Nan sik planifikasyon sa, $734 milyon a $782 milyon chak ane te disponib nan tout eta a pou pwogramasyon (montan sa yo genyen ladan yo lajan federal ak kontrepati lokal). MassDOT jeneralman bay kontrepati lokal la (ke lòt antite yo ka bay tou); men, pwojè yo finanse jeneralman ak 80 pousan lajan federal ak 20 pousan lajan eta a, selon pwogram finansman an.

Answit, MassDOT bay finansman atravè kategori finansman sa yo:

Finalman, depi bezwen sa yo satisfè, MassDOT repati rès finansman an pami MPO eta a pou pwogramasyon. Finansman diskresyonè sa pou MOP yo gen lòt repatisyon pa fòmil pou detèmine montan Sib Rejyonal yo. MassDOT devlope sib sa yo nan konsiltasyon ak Asosyasyon Ajans Planifikasyon Rejyonal Massachusetts (MARPA: Massachusetts Association of Regional Planning Agencies).

TIP sa asime ke MPO Rejyon Boston nan ap genyen ant $98 milyon ak $109 milyon chak ane pou montan Sib Rejyonal yo (ki konpeze de finansman federal ak finansman eta a pou kontrepati lokal la).

Chak MPO ka deside kijan pou priyorize finansman Sib Rejyonal li a. Akoz finansman Sib Rejyonal la se yon branch nan Pwogram Otowout la, MPO jeneralman pwograme majorite finansman an pou pwojè wout yo; men, MPO repati kèk pòsyon nan finansman otowout li a nan Pwogram Sikilasyon an pou pwojè ekspansyon sikilasyon yo. Pwogram Otowout TIP la detaye pwojè k ap resevwa finansman Sib Rejyonal nan men MPO Rejyon Boston nan, ansanm ak pwojè enfrastrikti nan rejyon Boston nan.

Pwosesis devlopman tip La

Apèsi

Lè y ap detèmine ki pwojè pou finanse atravè pwosesis finansman Sib Rejyonal la, manm MPO yo kolabore ak minisipalite, ajans eta, manm piblik, gwoup defans ak lòt pati ki gen enterè. MPO itilize kritè evalyasyon nan pwosesis seleksyon pwojè li a pou ede idantifye epi priyorize pwojè ki fè objektif MPO yo avanse, ki kategorize konsa:

Anplis, MPO te etabli pwogram envestisman yo, ki fèt pou dirije finansman Sib Rejyonal yo vè domèn priyorite MPO yo pandan 25 pwochen lane yo:

Pwojè MPO chwazi pou resevwa finansman Sib Rejyonal la atravè pwosesis devlopman TIP la ki antre nan youn nan senk pwogram ki site anwo yo.

Nan dènye ane yo, MPO a te mete pratik planifikasyon ak pwogramasyon ki baze sou pèfòmans (PBPP: performance-based planning and programming) nan devlopman TIP ak lòt pwosesis. Pratik sa yo fèt pou ede dirije finansman MPO yo vè reyalizasyon rezilta presi pou sistèm transpò a. Objektif MPO yo ak pwogram envestisman yo se eleman kle nan estrikti PBPP li a. Nan Ane Fiskal Federal 2018 la, MPO te kòmanse fikse sib pou mezi pèfòmans presi. Toutotan tan ap pase, MPO ap lye objektif pèfòmans, desizyon envestisman ak aktivite kontwòl ak evalyasyon li yo nan fason ki pi sere. Gade Chapit 4 la pou plis enfòmasyon sou PBPP.

Sansibilizasyon ak Koleksyon Done

Pwosesis sansibilizasyon an kòmanse nan ane fiskal federal la, lè vil yo deziyen kontak TIP epi kòmanse devlope yon lis pwojè priyorite pou yo konsidere pou finansman federal. Staf MPO a mande staf vil yo nan rejyon an pou idantifye pwojè priyorite yo.

Staf MPO a konpile demand finansman pwojè yo nan yon Inivè Pwojè ki pa Pwograme, yon lis tout pojè yo idantifye kòm kandida potansyèl pou resevwa finansman atravè TIP la. Inivè a genyen ladan l pwojè yo deziyen konplètman epi ki prè pou yo anonse pou konstriksyon, sila yo k ap reyalize enjenyeri ak konsepsyon preliminè, ak pwojè ki toujou nan stad konsepsyon oubyen planifikasyon. Staf MPO a kolekte done tou sou chak pwojè nan Inivè a pou yo ka evalye pwojè a.

Evalyasyon Pwojè 

Staf MPO a evalye pwojè yo sou baz a ki pwen yo abòde objektif MPO yo byen. Pou staf MPO a mennen yon evalyasyon pwojè ki konplè, pwojè a dwe genyen yon rapò konsepsyon efikas oubyen nan yon nivo konsepsyon 25 pousan; oubyen plan li a dwen genyen ladan l nivo detay ki defini nan yon rapò konsepsyon efikas. Rezilta evalyasyon yo pibliye sou sit entènèt MPO a kote moun ki pwopoze pwojè yo, fonksyonè minisipal ak manm piblik yo ka revize yo epi fè kòmantè.

Jounen Preparasyon TIP la

Yon etap enpòtan pou pwogramasyon TIP la fèt nan mitan rive nan sik devlopman TIP la nan yon rankont—ke yo rele Jounen Preparasyon TIP —ke anplwaye MassDOT ak MPO yo patisipe. Nan rankont sa, jesyonè pwojè MassDOT yo bay mizajou sou chanjman nan depans ak pwogram ki asosye ak pwojè yo pwograme kounye a yo. Yo dwe pran chanjman nan depans ak pwogram sa yo an kont pandan staf MPO a ap ede konsèy MPO a konsidere mizajou ane TIP ki pwograme deja a, ansanm ak lòt nouvo pwojè nan ane ki pi lwen TIP la.

Rekòmandasyon Staf ak Bouyon TIP la

Lè yo itilize rezilta evalyasyon ak enfòmasyon sou preparasyon pwojè a (ki se, lè yon pwojè ta ka konsevwa konplètman epi prè pou konstriksyon), staf la prepare Lis Premye Etap Pwojè yo. Lis sa genyen pwojè sa yo ke yon moun ki pwopoze pwojè sipòte (yon minisipalite oubyen MassDOT) e sa ta ka rann li prè pou anonse nan orizon delè TIP la—senk pwochen ane fiskal federal yo. Yo klase pwojè yo sou baz rezilta evalyasyon yo.

Apre sa, Staf MPO a prepare rekòmandasyon oubyen yon seri senaryo pwogramasyon pou fason pou pwograme finansman Sib Rejyonal la nan TIP la sou baz Lis Premye Etap Pwojè yo ak lòt konsiderasyon, tankou si yon pwojè te antre nan LRTP la abòde yon bezwen transpò ki idantifye, oubyen fè pwomosyon distribisyon envestisman transpò atravè rejyon an.

Rekòmandasyon staf la toujou restren sou plan finansye—ki vle di li sijè pou finansman ki disponib la. Te genyen anviwon $521 milyon finansman Sib Rejyonal ki disponib pou MPO Rejyon Boston nan pou Ane Fiskal Federal 2019–23 a. Ane sa, MPO a te diskite sou rekòmandasyon staf la ak senaryo pwogramasyon pou Pwogram Sib Rejyonal la pou pwojè otowout yo epi chwazi yon pwogram prefere nan mwa mas.

Anplis li priyorize finansman Sib Rejyonal la, MPO a revize epi apwouve tou Pwogram Atik Enfrastrikti ak Pon nan Tout Eta a ke MassDOT rekòmande pou pwogramasyon. MPO revize epi apwouve tou pwogramasyon fon pou pwogram kapital MBTA, CATA, ak MWRTA.

apwobasyon tip la

Apre chwa yon senaryo pwogramasyon prefere, dabitid nan mwa Avril, MOP vote pou pibliye bouyon TIP la pou yon peryòd revizyon piblik 30 jou, pandan tan sa MPO envite manm piblik la, ofisyèl rejyonal ak lokal yo, ak lòt pati ki enterese nan rejyon Boston pou revize pwogram yo pwopoze a. Pandan peryòd revizyon piblik la, staf MPO a akeyi yon Jounen Pòt Ouvè pwolonje, pòt ouvè nan stil rankont piblik pou diskite bouyon dokiman TIP ;a epi ajoute lòt kòmantè.

Apre peryòd revizyon piblik la fini, MPO a revize tout kòmantè minisipal ak piblik yo epi li ka chanje kèk eleman nan dokiman an oubyen pwogramasyon li a. Apre sa, MPO apwouve TIP la epi soumèt li bay FHWA ak FTA pou apwobasyon. MassDOT antre TIP MPO-apwouve a nan Pwogram Amelyorasyon Transpò Eta a (State Transportation Improvement Program, STIP). FHWA, FTA, ak Ajans Pwoteksyon Anviwònman Ameriken an (EPA: US Environmental Protection Agency) revize STIP la pou sètifikasyon nan dat 30 Septanm, fèmti ane fiskal federal la.

Mizanjou nan TIP la

Menm apre TIP la finalize, yo souvan dwe entwodwi modifikasyon administratif, amandman ak ajisteman akoz chanjman nan eta pwojè a, depans pwojè a oubyen revni ki disponib yo. Sa ka nesesite pou repwograme yon pwojè nan yon ane finansman diferan oubyen pwograme finansman siplemantè pou yon pwojè.

Avi modifikasyon administratif ak amandman yo pibliye sou sit entènèt MPO a. Si yon amandman nesesè, yo enfòme Konsèy Konsiltatif Transpò Rejyonal la—konsèy konsiltatif piblik MPO a—e MPO avize minisipalite ki afekte yo ak lòt pati ki enterese yo pa imel. MPO jeneralman pran yon peryòd revizyon piblik 30 jou anvan li pran mezi final sou yon amandman. Nan sikonstans ekstrèm, MPO ka vote pou diminye peryòd kòmantè a a yon minimòm 15 jou. Jeneralman modifikasyon administratif ak ajisteman yo piti e yo pa jistifye yon peryòd revizyon piblik dabitid.

Rete enplike nan Tip la

Kontribisyon piblik se yon aspè ki enpòtan nan pwosesis planifikasyon transpò a. Tanpri, vizite www.bostonmpo.org pou plis enfòmasyon sou MPO, pou wè TIP la an antye epi pou soumèt kòmantè ou. Ou ka vle enskri pou nouvèl ak mizajou pa imel lè w kontakte publicinfo@ctps.org oubyen enskri nan www.ctps.org/subscribe.

Pou mande yon kopi TIP la nan fòma ki aksesib, tanpri kontakte staf MPO a pa nenpòt nan mwayen sa yo:

Lapòs:            Boston Region MPO c/o CTPS

                        Certification Activities Group

                        10 Park Plaza, Suite 2150

                        Boston, MA  02116-3968

Telefòn:         857.702.3700

TTY:                617.973.7089

Faks:              617.570.9192

Imel:               publicinfo@ctps.org